Wednesday, December 18, 2013

Poem: Perri Pierre – Fanm Nwa Ki Ra



Ouh, m bouke pase fi chak semaine chak mwa
M bezwen yon fanm pou’m fe konfyans em konnen ki pap fem Kriye kou Kayla
M pa gen problem si non’l se Katia, Marla oubyen Tia
M pa diskrimine men m ta preferel soti Haiti Kiskeya
Ou konnen yon bel ti nwa
Ki anfom, ki konn danse konpa
Paske m renmen al nan T-vice, Amicus ak Tropicana

Oh oui yon bel ti nwa men fol briye ato le swa
Pou’w senp regar li k mete’m sou sa
Pou souri ‘l fem delala
Fo’l gen yon bel ti vwa
Pou’l k soulem tankou yon neg ki anba tafya
Fo’l gen yon po swa, depi’l touchem pou’l fem gaga
Pou ti bouch li sukre kou yon kan anana
Fol gentiy, saj romantik afektyez poze kou yon ma

Leu fanm sa ap mache se pou tout moun di Ou lala
Byenke Se pa yon fanm ou pral kwaze sou trotwa
Men leu yon neg resi wel pou yo di alon’w Pepito sa Papa
Epi pou’m pale de li otan ke ‘m pale de manmie, Yvenande, Sagine ou Nausica
M pral panse a li maten midi e swa
Reve li chak fwa m monte matla
Fanm nan pa oblije Eistein men fol konn twa fwa twa

Oh oui fanm sa ra
M pa konn sil Hipanyola, USA ou Canada
Ni si se Bondieu pou’ m rele ou Ezili Dambala
Men leum genyenl, li pral mon alfa e omega
Pou’l totalman a mwa
Bon m pa bezwen pale met la
Menm konnen romantic pase’m pa gen sa
M’ap konn tout sak pou’l fel kontan de Z a A

Pou’n fe yon sel tankou branch nan yon pye bwa
Pou’m avel leum pral amazura
Kou leu’m pral nan Osca
Leu’m nan avenue Cartagena
Kou leu’m sou Hollywood Boulva
POu nou ansanm a chak pa

Fok nou damou tankou nou tap viv de sa
Pou’m bliye sim tak Nene, JJ ou Vava
Pou’m pa imajine’m ak yon lot fanm sou planet la
Pou’n ta marye epi rete jouk sa kaba
Fe bel timoun ak twou bote nan machwa
Oui pitit janw tande a se konsa
Yon bel ti fanm nwa ki ra
Alor se pouw dim’ siw se yon fanm konsa?

(C) 2010 Perri Pierre

No comments:

Post a Comment