Wednesday, December 18, 2013

POEM: Perri Pierre – Bote Chokolate


Cheve kafe

Po chokolate

Souri'l fem reve

Bouch li byen roze

kou yon frez sukre

M paka tann pou'm fe yon goute

Leul ap mache

Hanch li ap balanse

Gason vle gade

Ko dezire

Fe ap imajine

Jan sa ye le lalinn klere

Fo m' mennen l' Gelee

Pou van ap vante

Pandan cheve l' lage

Pou'm gade l' nan je

Ba l' yon beze

Pandan soley ap kouche

M pap janm kite l'

M pap fe l' kriye

Bote chokolate

A li m vle marye

Pou n' gen yon bebe

avek de bel trou bote.

(C) 2011 - Perri Pierre

No comments:

Post a Comment