Wednesday, March 12, 2014

POEM: Perri Pierre – Wanga Nègès



Ala w' pa fonw ide?
M renmen fanm ak po koulè kafe
Pa kafe melange
Kafe ki soti nan mòn kiskeya byen pile

Ou konnen, fanm ak leèv pwès ki gen kote pou m' souse
Ayayay, fanm byen kanpe
Ki gen bel fom, dèyè mate
Ak bel tete byen kanpe

Fanm ki pap kouri antre leu soley leve
Ou konnen, pou pol pa brile
Fanm ak cheve krepi ki ka trese
Jansiv vyolèt, dan blan, bel souri trou bote

Fanm ki konn sal vle
Ki pap just kitew paske lajan w bese
Dayè li pa pè bese leve
E li forme, byen edike

M bezwen yon bel neges Gine
Yon fanm ki pa nan wanga men kap fem kole.
Zanmi m di m toujou ap reve
Men m konnen depi Jean chache, Jean ap trouve.

(C) 2014 - Perri Pierre

No comments:

Post a Comment