Wednesday, March 12, 2014

POEM: Perri Pierre – Komisyon Pa Chay



Komisyon pa chay
Sa lejè tankou pay
M pap kitel pase tray
Pou’m pa tonbe nan deblozay

Kè'm voye'm alamaskay
Paske l' pè tripotay
Pou di'w depi premye fwa l' fe ay
Ou pa janm lache l' yon may

Wi, depi'l fet wap batay
Pou'l pa janm pase tray
Ew pa janm fe yon fay
Mesi pou tout bagay

E Siw wè lap diw yon pil bagay
Pa panse se chantay
Men se lanmou nan li kap travay
Si’l se yon tren ou menm ou se yon ray.

(C) 2011 - Perri Pierre

No comments:

Post a Comment